Wout Jan Rabèl-Pòdpè a nan yon eta kritik : entèvansyon MTPTC yo pa rive soulaje chofè ak pasaje yo

10/31/2026
Nòdwès, Ayiti ______(TRiboLAND) Wout Jan Rabèl-Pòdpè a kontinye ap prezante yon sitiyasyon kritik, malgre entèvansyon Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) nan depatman Nòdwès la, anba direksyon Angelot Oracius, yon enjenyè te bati. Eta wout la rann sikilasyon an de pli zan pli difisil pou chofè ak pasaje ki oblije fè trajè sa a chak jou. Twou, labou ak lòt difikilte sou wout la mete itilizatè yo nan gwo traka, pandan yo kontinye ap tann yon solisyon dirab nan men otorite konsène yo.
Pandan gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé te fè anpil demach ak lòbi nan kad dosye wout sa a, reyalite sou teren an kontinye bay yon lòt imaj. Entèvansyon ki fèt yo poko rive pote chanjman siyifikatif nan kondisyon sikilasyon an. Pou anpil itilizatè, sa k ap fèt sou wout la sanble plis ak kèk aksyon tanporè pase yon vrè travay reyabilitasyon ki kapab garanti yon sikilasyon nòmal ak sekirite.
Nan kontèks sa a, youn nan espwa ki rete pou wout Jan Rabèl-Pòdpè a se pwojè Direksyon Depatmantal Nòdwès MTPTC a, ki ta deja antre nan demach pou mete reyabilitasyon wout la sou bidjè, yon inisyativ ki ta kapab fasilite reyalizasyon yon travay serye nan lavni. Sepandan, pandan pwojè sa a poko konkretize, itilizatè wout la kontinye ap fè fas ak menm difikilte yo. Pou kounye a, anpil moun estime entèvansyon k ap fèt yo sanble ak yon senp jwèt similak, olye yo reprezante yon repons konkrè devan gravite pwoblèm nan.






