Lachin : kolizyon machin okazyone lanmò 11 moun ak 19 blese

319

04/04/2021

Lachin______(TRiboLAND) Yon bis ak yon gwo pwalou truck arive fè kolizyon e touye 11 moun ak 19 blese jodi dimanch 4 avril 2021 an nan zòn lès peyi Lachin,dapwè otorite lokal yo.

Aksidan fèt byen bonè nan maten lanjelis, kote ke gwo pwalou a te an bandoulyè nan mitan separatè santral otowout pwovens Jiangsu a. Veyikil la tef è kolizyon avèk yon bis ki t’ap pran direksyon opoze e chavire ak tout moun kit e abò. Medya Leta a, lonje dwàt sou yon pakèt deplasman pou yon week-end manch long ki ta okazyone yon parèy aksidan.

Aksidan woutyè trè frekan nan peyi Lachin; e yo toujou okazyone akoz respè ki pa egziste nan kod woutyè yo, dapwè AFP.

Comments are closed.