Gang machan lanmò asasinen yon polisye jodi samdi a nan Savann Pistach

761

08-05-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Gang sangwen pa sispann simaye dèy nan kan lapolis nasyonal la. Konsa, gwo poban lèse fwape kout zam ant lapolis ak sivil ame nan Savann Pistach jodi samdi 5 dawou 2023 a, okazyone yon polisye asasinen.

Eddy Dorisca, polisye 18èm pwomonsyon PNH la, asasinen anba bal bandi sangwen avèk yon bal nan kou, dapwè sa Sendika Nasyonal Polis la rapòte. Yon viktim ki tou senpleman ogmante lis mòtèl polisye ki deja tonbe nan kad zak teworis gang yo.

Fanmiy polisye Eddy Dorisca, enkonsolab! Nap raple, majorite zam ak minisyon gang yo kap teworize popilasyon ayisyèn nan, soti nan peyi Etazini.

Comments are closed.