Anbasadè Ayiti a nan Ajantin resevwa yon adolesan ayisyèn 13 lane kap byen pase nan disiplin espòtif ki rele “ekestre” a

456

04/02/2021

Buenos Aires_______(TRiboLAND) Anbasadè Ayiti nan Ajantin, Vilbert Bélizaire resevwa nan Anbasàd la ki nan Buenos Aires, Ziline Pierre Pena Arias mèkredi 31 mas 2021 an.

Se avèk tout yon fyète rasyàl pou diplomat la te pran tan pou te resevwa jèn nègè sa ki malgre ke l’ap evolye nan yon lòt kilti, men chwazi pa inyore idantite li antan ke pitit tè Dayiti ki fè fyète ras li. Ziline te genyen 3 lane lòske li te kite peyi Dayiti pou antre Ajantin an 2012 avèk papa adoptif li ki se Pedro Gustavo Pena.

Gras ak yon ankadreman familyàl ki djanm, Ziline lanse li nan espò “ekwestre” (kous a cheval) e arive reprezante peyi Ajantin onivo mondyàl nan plizyè gwo konpetisyon. Li arive ranpòte yon latriye meday pou yon parèy disiplin.

Ziline ki te ansanm avèk papa li nan moman rankont li avèk anbasadè Vilbert Bélizaire, te fyè pou li te pran foto ak bikolò nasyonal la, yon aksyon ki ranfòse idantite li ak patriyotism li.

Jèn ayisyèn nan pou koulya ap pwepare yon koup sou “ekwestre” onivo mondyàl, yon konpetisyon ki pral dewoule ane sa nan peyi Lafwans.

Comments are closed.