Me ki sa ki kontni diskou Jovenel Moise la nan okazyon 217 èm anivèsè endepandans peyi Dayiti

358

01/01/21

  • Komemorasyon 217èm anivèsè endepandans Dayiti te selebwe nan palè nasyonal jodi pwemye janvye 2021 an.
  • Seremoni a te dewoule an pwezans pwemye dàm nan, pwemye minis la, prezidan ti miyèt sena a, manm kò diplomatik ak konsulè a, manm pouvwa judisyè a, Wo Eta Majò FADH la, ak gran Toryan enstitisyon PNH la.
  • Presidan Jovenel Moise nan diskou li nan okazyon 217èm anivèsè endepandans Dayiti, anonse twà gran chantye pou ane 2021 an.
  • Nan non ewo endepandans yo, Jovenel Moise reyitere volonte gouvènman’l lan pou dyalòg e li envite opozisyon politik la pou rejwen li pou yon inite.
  • Jovenel Moise elabore sou twà gran chantye ki pral karakterize dènye ane’l sou pouvwa a ki se: chanjman konstitisyonèl, planifikasyon eleksyon yo pou remanbwe pèsonèl politik la ak materyalizasyon pwojè kouran 24/24 la.
  • Jovenel ki egalman kwè ke sekirite se yon pasaj oblije nan peyi a, li solisite bouràd bò kote militè Fòs Ame Dayiti yo (FADH) ak tout PNH la pou mete lòd nan dezòd.
  • Chèf deta a voye jete tout lide tranzisyon e li jure se eleksyon yo ki pou pwime.
  • Li ankouraje prese prese pou pwemye minis lan ak tout ministè ekonomi ak finans pou akòde Konsèy Elektoral Pwovizwa a yon bidjè pou reyalizasyon tout sa ki gen pou reyalize.
  • Jovenel Moise solisite bouràd kominote entènasyonal la nan kàd pweparasyon eleksyon yo.
  • Li rejte tout lide tranzisyon 7 fevriye pwochen ke opozisyon an ak 3 palmantè ameriken yo ap klewonnen a an tèm tranzisyon.
  • Li detèmine se nan eleksyon pou moun ki vle pweziddan dwe patisipe yon fason pou yo jwen pouvwa pèp la. Konsa pou Jovenel, remaniman konstitisyonèl la pral pèmèt aki demonkratik 1987 yo pwezève e menm dote de yon stabilite, yon bagay ke konstitisyon 1987 la pat garanti.
  • Daprè dirijan PHTK a, pwojè lumyè 24/24 la ap vale teren. Anpil enfwastrikti deja enstale atrvavè plizyè komin nan peyi a yon fason pou distribye kouran bay popilasyon an, menm bay sa yo ki nan zòn azil boutou.

Comments are closed.