Ajantin : veye patriyotik pou onore memwà pwezidan Jovenel Moise

661

07/23/2021

Buenos Aires______(TRiboLAND) Tankou jan sa fèt nan plizyè peyi yèswà, yon gwoup sitwàyen ayisyen nan kapital Ajantin nan, Bueno Aires òganize yon veye patriyotik nan Konbit Lakay Restobar pou onore memwà pwezidan Jovenel Moise.

Konsa, yon bon valè moun te retrouve yo nan yon sal ki te dekore ak balon ki tradwi bikolò ayisyen an e ak yon mural ki depikte bwàvou ou fyète ayisyènn, te konstitye esans esansyèl espas la ke foto pwezidan an te anvayi ak tristès. Konpatriyòt ayisyen sa yo ki te soti nan diferan kontre nan kapital lan, te pase yon bon bout tan nan refleksyon sou vi ak ki sa defen pwezidan an te repwezante pou nasyon ayisyèn nan.

Deba yo ki te mete an patikilye volonte defun e ki finalman sakrifye vi li pou yon pèp ki aparamman te mal konprann li. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, anbasadè ayisyen an nan Ajantin, Onorab Dr. Vilbert Belizaire ki tap raple volonte ak detèminasyon pwezidan Jovenel Moise fàs ak yon seri pwojè atravè peyi a, notamman Wout Kafou Jòf – Ansafolè. Doktè Belizaire te menm arive elabore peyi Boukina Faso e egzanplifye yon similarite ki ekziste ant asasina Thomas Sankara e asasina Jovenel Moise.

Yon sware ki fini ak anpil dezolasyon, men ak yon “detèminus” lakay chak patisipan pou angaje yo nan kontinwite eritaj Moise la panda ke yap batay ak travay pou retire nasyon ayisyènn nan anba dominasyon kolon etranje.

Comments are closed.