Desizyon gouvènman an pou dedwàne efè pèsonèl nan Okap ak Pòtopwens sèlman kreye latwoublay nan vil Sen Màk jodi

417

03/25/2021

Sen Màk______(TRiboLAND) Desizyon gouvènman an pou dedwàne efè pèsonèl nan Okap ak Pòtopwens sèlman kreye latwoublay nan vil Sen Màk jodi maten jedi 25 màs 2021 an.

Travayè bwokè yo nan Pò Sen Màk la sekwe vil Sen Màk lè yo deside mete an bandoulyè plizyè gwo kamyon, barikàd ak kawoutchou anflame nan diferan ri nan site Nisaj Sajè a.

Moun te ka remake yon gwo van panik te anvayi tout site a maten an. Travayè pwotestatè yo ki estime mezi gouvènman an pou elimine kesyon dedwànman efè pèsonèl yo anndan machin kap antre anndan peyi, pap mete fwen vrèman nan ensekirite a ditou ditou! Yo deklare ke gouvènman an dwe pran lòt mezi drastik pou arrive kontwole yon seri pò vwa dlo anndan peyi a.

Konsa, yon parèy mouvman leve kanpe, te kreye anpil pwoblèm janm tranble ak sikilasyon nan vil la, alòske fòs ajan sekirite yo te gen gwo difikilte pou desann chalè ak furè protestatè yo.

Comments are closed.