Ti plantè yo nan Tigwav mande Ministè Agrikilti bourad agrikòl

1,302

02-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak jounalis aprè midi vandredi 10 fevriye 2023 a, reprezantan plantè yo nan premye seksyon kominal Tigwav, Yves Placide mande Ministè Agrikilti ak Resous Natirèl e Devlopman Riral pou akonpaye ti plantè yo nan moman kanpay plantasyon mwa fevriye a, ki deja sou wout pou komanse nan plèn nan.

1) Traktè pou labouré tè ti peyizan yo
2) Semans pwa, mayi, pitimi
3) Angrè ak ensektisid
4) Zouti agrikòl, tankou pikwa, wou, manchèt, sèpèt digo ak rato
5) Dlo pou aroze jaden yo
Se kèk bezwen enpòtan ti peyizan plantè yo nan nesesite pou bay jaden yo jarèt nan premye seksyon kominal Tigwav la, daprè Yves Placide.

Reprezantan ti plantè yo, denonse pwopriyetè traktè yo nan plènn, li di ki chaje peyizan 500 goud pou laboure yon santyèm tè, li esplike yon sèl moun kapab genyen pliske 20 santyèm, aloske an 2021, se 150 a 200 goud moun ki genyen traktè yo te konn laboure yon santyèm nan premye seksyon.

Toutfwa, agrikiltè Yves Placide deklare si leta a bayo bon jan ankadreman tankou ponp pou aroze jaden yo zouti agrikòl, bon jan traktè pou laboure tè plantè yo, fasilitasyon angrè; konsa, yo pap nan grangou e menm pwogram imanitè Prezidan Joe Biden pap enterese yo, paske tè a kapab fè tout kalite danre.

JOICY Arnold

Comments are closed.