Grandans: Yon group moun onore ak yon motosiklèt yon anseyan ki gen 40 lane depi lap fè lekòl

899

08-06-2023

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group moun onore Mèt Poliscard ak yon motosiklèt jodi jounen samdi 5 dawout 2023, aprè 40 lane li gen nan asèyman ant Moron ak Chanbelan.

Avèk toujou menm santiman malgre trajè yo difisil, popilasyon an konstate Mèt Poliscard toujou al travay ak menm devouman nan bon tan kou move tan.

Pou onore li nan okazyon 40 lane sila, popilasyon an mete tèt yo ansanm pou fè’l kado yon moto flanban nèf; peye rès ane eskolarite pou pitit li ki nan fakilte. Pou koulya, se zafè kay byenfetè sa yo ap panse pou li. Kidonk, popilasyon vle poze yon seri zak rekonesan, yon fason remèsye Mèt Poliscard pou kontribisyon ak sakrifis li fè nan pwokire plizyè jerasyon moso pen enstriksyon nan kwen nan depatman Grandans lan.

Avèk anpil kè kontan, pwofesè Poliscard remèsye moun yo pou jès sa yo. Li kontinye di, sa fè lontan li te swete gen yon moto pou fasilite mwayen lokomosyon yo, malerezman li pat gen posiblite a. Li fini pou di, priyè li yo egzose paske li pat sispann priye Bondye pou sa.

Comments are closed.