Arestasyon Wilbert Rhau, grefye alatèt la nan pakè Pòtoprens pou kout gidon “Kò deli”

435

03/24/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Grefye alatèt la nan pakè Pòtoprens lan, Wilbert Rhau jwen arestasyon li madi 23 màs 2021 an selon lòd Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Me Claude Bed-Fort.

Wilbert Rhau ki genyen yon bon bout tan ap travay kòm grefye, genyen gwo epe akizasyon malè pandye sou tèt li tankou: detounman magogo “kò deli” nan kàd yon dosye “Arby Larco”, kout gidon yon magogo 550, 000 goud 5, 000 dola ameriken ak akizasyon trafik zàm ilegal.

Comments are closed.