KED Nòdwès : Nòt pou Lapwès

272

Pòdepè jou ki madi 6 novanm 2021

Sòti nan KED Nòdwès

Pou atansyon tout kamarad tout rejyon OPL ak KEN lan.

KED Nòdwès voye gwo ankourajeman bay tout militan ak dirijan OPL ki ranmase kouraj yo ak 2 bra nan batay kap fèt pou debarase peyi Dayiti ak diktati Jovenel / PHTK ak G9 plis alye mete tout ayisyen depi kèk tan.

Nan lide poul te reprezante nan kodinasyon nasyonal jounen 27 mas 2021 lan, OPL Nòdwès te delege responsab enfomasyon komite depatmantal la pou te patisipe nan rankont sa. Nan menm lojik la, aprè rapò delege a, KED Nòdwès la andose tout desizyon ki sòti nan kdinasyon nasyonal 27 mas la.

Pou evite tout konfizyon, OPL NÒDWÈS renouvle konfyans li ak tout dirijan / militan ki kwè nan solidarite pou nou delivre pèp ayisyen anba malsite ak diktati.

Annou evite distraksyon “Lenmi pèp andedan OPL, lenmi pèp deyò OPL”.

Moun ki kore nòt sa pou KED NÒDWÈS la:

Sanitais Louidor
Katy Linda
Paul Louving
Casimir Enold
Pierre Rony

Comments are closed.