on ajan UDMO mouri sou plas e yon lòt blese nan konfwontasyon ak Fantòm 509

529

03/22/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Gro tansyon nan kèk kwen kapital la nan mitan jounen lendi 22 mas 2021 an. Endividi ki te ame te mete an bandoulyè yon gwo kamyon sou zòn Nazon e ki afekte trafik la nan plizyè zòn avwazinant.

Nan kafou ayewopò ak sou Delma 30, barikad kawoutchou anflame te fè kenken nan yon konsè kout zàm latwoublay! E gwoup Fantòm 509 te sou bennzeng li nan fè echanj kout zam avèk fòs lòd yo ki okazyone 2 ajan Unité Départementale de Maintien de l’Ordre (UDMO) resevwa plizyè bal. Ajan Mistral Pierre arive mouri sou plas alòske yon lòt ajan pran yon bal nan pye e transpòte nan yon lopital anndan kapital la.

Comments are closed.