Popilasyon nan Ansagalè lapide e bwile 3 bwakè

209

03/20/2021

Ansagalè_______(TriboLAND) Popilasyon ansagalèz la, nan lokalite “Twou Lanfè” fè yon va sou 3 bandi ame e touye yo yè vandredi a 19 màs 2021 an.

Bandi sa yo ki renmen bwase nan bwakàj te jwenn ak zo grann yo lòske popilasyon an t’ap fè fas ak yon seri aktivite bwakaj ki pa manke pote ale telefònn ak lajan.

Antouka, mache chache pa janm dòmi san soupe; 3 bwakè arrive pase alenfinitif aprè ke yo fè dap piyanp sou yon magogo 20,000 goud ak yon seri telefònn yon fanmiy. Popilasyon an ki te trè veyatif, arrive mete men vandredi maten sou 3 bandi bwakè yo ke yo lapide e bwile vif malgre yo te genyen zàm sou yo.

Comments are closed.