Polis nasyonal la felisite kèk nan polisye ke Fantòn 509 te fòse libere yo ki retounen pote tèt yo nan kacho

491

03/202021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Polisye pwizonye ke group Fantòm 509 te fòse libere nan dènye joune pwotestasyon kont echèk operasyon Village de Dieu semen pase a, retounen pote tèt yo nan kacho.

Pandan yon parèy desizyon parèt yon rejeksyon ou yon souflèt marasa moral pou group Fantòm 509 lan; sepandan, li pèmèt direksyon jeneral PNH la bat bwavo pou yon tèl desizyon ki montre klè kon kloròz ke kèk nan detnu ki pa vle mache nan lojik libere ak fòs la, vle fè sa ki dwàt e legal.

Responsab PNH yo declare ke yo pran nòt de yon tèl aksyon ki moutre ke polisye yo prefere libere pito atravè yon desizyon jistis olye pou yo komèt plis enfraksyon djak sou djak ki pa kadre ak lalwà.

Comments are closed.