Anbasadè ayisyen an nan peyi Chili tonbe anba akizasyon zak seksyèl

283

03/20/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Monesty Junior Fantil, se non anbasadè ayisyen ke medya chilyen yo pa sispan revele ki pran nan woule nan zak kadejakè ou vyòl sou yon sèvant nan anbasad ayisyen an peyi Chili.

Nouvèl yo fè eta de viktim nan ki gen 4 lane depi l’ap travay nan anbasàd la; lòske li genyen 4 mwa depi gran Toryan diplomatik la revoke’l,

Selon sa viktim nan deklare bay “Canal 24 horas,” yon jounal chilyen ki kenbe non viktim nan anba anonima. Sèvant lan deklare bay lapwès ke diplomat la pran yon malen plezi pou agrese’l non sèlman fizikman, men sitou fè menas pou fè polis pran’l sou pretèks li se volè.

Zàk sisinaj sa mete kominote ayisyèn tèt anba nan Chili. Plizyè sous endike ke te genyen plizyè seyans seksyèl san konsantman viktim nan e ki te menm okazyone gro vant ak avòtman. Li enpòtan pou sinyale, se pa premye fwa eskandal jwèt sisinay, vyòl ak laponyèt ap sekwe bil diplomasi ayisyèn na kap kap pèdi plim.

Pa konsekans, anbasadè Monesty Junior Fantil pat pran tan pou resevwa yon korespondan bò kote ministè Afè Lòt Bò Dlo ak Kult ki raple presume koupab la.

Comments are closed.