Lapolis ak Lajistis nan kad yon operasyon nan zòn Chanpay arete Delivè Vensan nan vòlò siman leta ayisyen

307

03/16/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Lapolis ak lajistis nan kad yon operasyon ki te genyen nan tèt li, sibtiti komisè Lwis Menndè,rive poze lapat sou Delivè Vensan kòm kwa li ta enplike nan zak vòlò siman leta ayisyen.



Dapwè deklarasyon administratè pakè Pòdpè a, yo rive rekipere 25 sak siman leta. Konsa, lapolis ak lajistis nan menm operasyon sa a, rive poze m’en sou 5 lòt endividi nan obè kòm kwa yo ta enplike nan vann siman mouche Leta, kote jiskaprezan yo anba men otorite yo pou ankèt.

Li enpòtan pou nou konnen, lè yon moun vòlò siman leta, sa rantre nan kad enfraksyon kont sirte enteryè leta.
Se kòm kwa ou konplote kont divès kilomèt wout.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.