Nòdwès Agrikilti : Malgre lapli genyen anpil tan li pa tonbe “Nan Bad”, plantè Colbert arive fè kichòy pou li manje

986

Colbert, yon abitan kap viv nan lokalite “Nan Bad” fè konnen, se pa tè yo ki pa ka fè manje men, se Ministè Agrikilti ki pa gen volonte pou akonpanye peyizan yo.

02-08-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan fouye zo nan kalalou korespondan TRiboLAND yo al tonbe sou yon plantasyon masòk ke yo rele kiyèz ou bannan kòsbòt, nan lokalite “Nan Bad”, yon zòn tè sèch ki genyen yon anviwònman bebwaze, nan 3è seksyon Paulen/Lakòn, nan komin Pòdpè.

Rapwoche plantasyon kiyèz la, Colbert, yon abitan nan lokalite a, ap esplike kouman li arive fè gwo plantasyon sila,nan zòn kote lapli tonbe chak sen Silvès. Pou travayè sila, reyalize yon jaden konsa nan yon zòn ki pa gen tigout dlo, fòk ou leve bone!.

Estrateji Colbert a se yon bagay tèt chaje. Poze kesyon pou konnen, kouman li awoze jaden an? Li fè konnen, se yon plantasyon ki fèt nan ravin dlo ki chak fwa lapli tonbe, li pwofite awoze.

Nan sans sa a, Colbert ki pa kache satisfaksyon’, fè konnen se pa latè ki pa bay men se Leta ayisyen atravè Ministè Agrikilti ki pa gen menm yon ti kras volonte pou akonpanye peyizan yo nan peyi a.

Plante, kiyèz, bannann, pwa, mayi, piman, ak divès lòt danre, pou Colbert malgre lap viv nan zòn tè sèch, sa pa anpeche tout sa li posede soti nan latè ak gade zannimo.

Comments are closed.