Abitan kap viv nan zòn Kikina leve vwa yo pou mande mouche LETA yon pasrèl.

3,712

01/17/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan zòn kikina yon lokalite nan Ofouno leve vwa yo pou mande mouche LETA konstwiksyon yon pasrèl nan lide pou fasilite ale-vini yo, sou ti bout zile zila.

Chak jou ki jou, se menm repetisyon an, moun ap monte, moun ap desann lè lamè a move se tèt chaje. Ti machann, travayè, pechè, atizan, elèv lekòl ak pwofesè san konte tout lòt kouch konfondi.Yo tout ap pran lanm!

Konsa, Jameson yon jèn kad nan zòn sila a pat mete dlo nan bouch li, poul adrese l ak otorite kominal yo, tankou : Josué Alusma li di, ki pap regle anyen nan mèri pòdpè a. Li lonje dwèt jouda l tou, sou kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Polen – Lakòn lan, Msye Jimmy Derisma ki li menm yon lòt ki pa tcheke, e pa janm mande yo ki mò ki touye lanperè.

Yon lòt bò, Jameson rapouswib pou l adrese l ak ansyen depite sikonskripsyon Pòdpè a, Jean Mary Forestal, ki li menm te fè, yon latriye fo pwomès pami yo, konstriksyon yon pasrèl nan lide pou te soulaje sò abitan k ap sòti Kikina, Kamichèl ak Nan Be pou al boske lavi nan vil pòdpè, malerezman ki pase 4 lane ap woule yo nan farin san l pa fè anyen.

Abitan nan zòn nan, tankou tè sèk ki bezwen lapli ap veye pwomès Guitho Macénat, yon ansyen gwo potanta nan pouvwa ansyen pwezidan Jovenel Moise defen. Sitwàyen yo fè konnen, pasyans yo pwèske bout akòz lanmò chèf deta a.

Li enpòtan pou konnen, malgre zòn sila se yon zòn kotyè ki ofri bèl lamè ak bèl peyizaj, sapa anpeche abitan k ap viv nan zòn nan ap konnen tout kalte move sò, malsite ak lakilbit sosyàl e ekonomik.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.