Aterisaj fòse yon avyon nan Denyon, Fonfrèd : 6 moun sove san grafwiyen

320
0
Share:
TRiboLAND

02/03/2026

Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon avyon ki pote imatrikilasyon N45SR, koulè blan ak ble, fè yon aterisaj fòse nan lokalite Denyon, seksyon kominal Fonfrèd, jodi madi 3 fevriye 2026 la. Daprè premye enfòmasyon yo, aparèy la t ap kite Pòtoprens pou li al poze nan Okay, lè li te rankontre difikilte ki fòse pilòt la fè yon aterisaj fòse.

Avyon an te genyen 6 moun abò, pami yo yon etranje ki t ap pilòt la ak senk (5) sitwayen ayisyen. Mirak la se ke, malgre sikonstans yo, pa gen okenn moun ki blese. Popilasyon lokal la te sezi wè avyon an poze nan zòn nan, men yo te bay sipò pandan tout operasyon sekou a.

Pwoteksyon Sivil te rive rapid sou plas la pou eskòte tout pasaje yo an sekirite epi asire pa gen lòt danje pou kominote a. Otorite yo poko bay detay sou sa ki lakòz pwoblèm teknik la, men yon ankèt ta dwe louvri pou fè limyè sou ensidan an.

Share:

Leave a reply