Me ki sa TRiboLAND konen sou gro rakle dwonn kamikaz ke fòs lòd yo fè sou Village de Dieu a

606
0
Share:
TRiboLAND

• Aprè lapolis finn mete koze nan Pènye ak Tòsèl e pran kontròl tèritwà sila, projektè yo pwente sou Village de Dieu.

• Lapolis deside atake san manman yo jodi “Fèt Manman an”, paske yo rekonèt ke yo se reyèlman yon ekip kriminèl san manman!

• Task Force kap parachite dwonn kamikaz yo chanje tatik ou mòd operatwà li.

• Lapopo fè lòbèy jodi dimanch 25 me 2025 lan nan okazyon “Fèt Manman yo”.

• Lapopo atake baz chèf gang 5 segonn Izo, nan moman kriminèl yo ta prepare pou al fete Fèt Manman.

• Village de Dieu, militèman ansèkle, alòske bandi mouri pa pakèt e lopital Dikini ak Kafou pa genyen kote pou mete zèfèyis blese yo.

• Machinn ki tap travèse lizyè e ki ta sanble genyen chèf gang teworis Izo abò li ta sanble krabinen anba yon zatrap kamikaz.

• Lapopo lage 3 zatrap kamikaz; alòske li pat pran tan pou yo te konstate yon kòtèj machinn ak motosiklèt ki tap kouri kite vilaj la.

• Tèt temwen anonse yo wè bandi ki tap pase ak bout pye, san konte plizyè ke yo tap transpòte ki te genyen kòd sewòm sou yo.

• Dwonn zatrap yo genyen yon diplis nan efikasite rantabilite yo; dènye varyant zatrap kamikaz, yo sou livrezon otomatik, lè yo lage, yo pa fè
lòbèy.

• Lapopo deklare ke l’ap miltipliye efò pou rekipere tèritwà teworis yo te akapare yo.

• Lapolis ap progrese sou plizyè fwon.

• Anpil sitwayen ki ap reve wè lapè ak sekirite refè sifas, swete avanse estratejik polisye yo pa antre nan kad “manke pran gro alatèt teworis
yo”.

• Jiska prezan, enfòmasyon yo pa detèmine ki kote chèf teworis Village de Dieu, Johnson André, alyas “Izo” pase.

Share:

Leave a reply