Meri Pòdpè fè gwo chanjman nan administrasyon an, nouvo direktè jeneral ak direktè kominikasyon nome

190
0
Share:
TRiboLAND

04/10/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisyon Minisipal Meri Pòdpè a anonse yon seri chanjman enpòtan nan estrikti administrasyon an, nan kad mezi reyòganizasyon nouvo ekip la ap mete sou pye. Daprè kominike laprès #MDP/KM/2026/002 ki soti jodi vandredi 10 avril 2026 la, ansyen responsab ki t ap okipe pòs Direktè Jeneral Meri a ansanm ak Direktè Sèvis Kominikasyon an mete andisponiblite, nan objektif pou amelyore efikasite sèvis piblik yo.

Nan menm sans sa a, Komisyon an fè konnen sitwayen Mikelson Larose nome kòm nouvo Direktè Jeneral Meri Pòdpè a, tandiske Yves Rochar Arné pral dirije Sèvis Kominikasyon an. Daprè otorite yo, nouvo responsab sa yo gen misyon pou ranfòse kowòdinasyon entèn, asire transparans nan jesyon an, epi kontinye aksyon ki deja lanse pou bay popilasyon an yon sèvis ki pi efikas ak aksesib.

Komisyon Minisipal la, ki gen nan tèt li Ralph Moreau, pwofite remèsye ansyen responsab yo pou sèvis yo te rann enstitisyon an, pandan li mande popilasyon an rete kalm ak konfyan nan fonksyònman regilye sèvis minisipal yo. Otorite yo souliye ke tout dispozisyon nesesè deja pran pou asire kontinwite sèvis yo ak yon kominikasyon klè ak tout administrasyon an.

Share:

Leave a reply