Gro bouch louvwi ant Minis Jistis la ak Yanick Joseph ansyèn polisye leader SPNH la nan lopital Bernard MEVS

416

03/14/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) katchou boumbe pete ant minis Jistis la, Rockfeller Vincent ak Yanick Joseph ansyèn polisye leader SPNH nan moman 2 pèsonaj sa yo t’ap peye yon vizit koutwazi a polisye viktim yo ki ap pran swen nan lopital Bernard Mevs aprè operasyon swisidè ki okazyone lanmò 4 ajan fòs lòd ki t’ap tante atake bandi sangwen nan Village de Dieu.

Daprè ansyèn polisyè Yanick Joseph ki fè tèt li pase pou “manman polisye yo,” deklare lòske li te mande kèk nan polisye sa yo, eske yo pat sinye yon papye ki jistifye me ki sa y’ap kite dèyè pou fanmiy yo si tout fwa yon bagay ta rive yo nan operasyon an? Bwiskeman, minis Rockfeller Vincent te rabat Yanick; li te reprimande’l e menm deklare ke oken ajan SPNH pa otorize pou ap poze polisye kap pran swen yo kesyon sou sa ki te pase a. Konsa, te gen anpil bouch louvwi nan lopital la!

Yanick Joseph te profite rele sou yon radyo nan kapital la pou denonse awogans minis Jistis la, jodi dimanch 14 mas 2021 an. Konsa, estomake anba enzult minis jisiti la ki montre ke yo kontinye ap pase san polisye yo anba pye, Yanick yon lòt fwa ankò, envite tout polisye alawonn badè pou yo mete pye yo atè. “Dezobeyisans total.”

Anpil tansyon te renye anndan lopital BM la nan moman anpil moun te kentan mase nan perimèt sant medikal la osito ke yon te tande ansyen figi enpekab SPNH la te nan lopital la.

Antouka, responsab SPNH yo fè eta de yon sere menas fanmiy polisye viktim sa yo ap resevwa akoz telefòn yon seri polisye ki rete nan men bandi yo ki pa sispan rele e menase pwòch viktim yo. Ajoute ak sa, polisye ki nan rekiperasyon yo plenyen anpil pou atmosfè a ki pa reyèlman sekirize; gen nan yo leta ta dwe ale odela de swen ke ka yo nesesite.

Comments are closed.