Militè FADH abwite sou Tour 2004 Channmas la pou afwonte pwotestasyon SPNH la

0 368

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gwo tire manman penba nan zònn Palè Pwezidansyèl nan kapital peyi Dayiti, Pòtopwens. Yon sitiyasyon ki antre nan kad pwotestasyon ke ajan sendika polis nasyonal la kap mande mèyè kondisyon travay ak dwa pou yo sendike tèt yo.

Pami plizyè mouvman pwotestasyon sendika ajan polis nasyonal la (SPNH), pwotestasyon jodi Dimanch 23 Fevwiye 2020 an pi sanglan pami yo tout. Plis pase 5 Sendika Ajans Polis Nasyonal blese anba bal moun ke yo idantifye kòm manm Fòs Ame Dayiti (FADH) ki fè plis pase 5 èd tan ap simaye kout zam san rete nan perimèt Channmas la.

Gwo tire yo pou sèten repòtè tap soti nan plizyè fasad sou Channmas espesyalman anndan Tour 2004 la ke kèk medya detekte militè ame jous nan dan te abwite yo e pase konbyen èd tan ap sible ajan SPNH ak sivil nan tèt.  

Leave A Reply