Yon papa nan 5èm seksyon Blèz Dikanari, pann 2 ti pitit fi li e aprè mete fen nan vi li nan menm kondisyon an

304

03/14/2021

Ti Gwàv_______(TRiboLAND) Moun nan 5èm seksyon Blèz Dikanari, komin Ti Gwàv rele 2 men nan tèt lè yo apran yon papa deside mete fen nan vi 2 pitit fi li e aprè pann tèt li nan yon pye bwà.

Selon enfo yo, dràm sa ki ajoute ak yon montay dràm peyi Dayiti ap fè fas jounen jodia, ta sanble okazyone akòz jalouzi ant papa a ak manman an ki te gentan chape poul li anba menas papa a.

Konsa, nan lokalite a pat genyen dlo ki rete ankò fas ak yon dràm parèy ki sekwe tout kanton an. Nap raple, otorite kazèk yo pat pran tan pou te pwosede ak pwosè vèbal kadav 2 ti fiyèt, youn 10 lane ak youn 8 lane ki mouri pandye ak kòd pit anndan lakay yo; alòske konsta kadav papa a te fèt a kèlke kilomèt rezidans fanmiy lan.

Comments are closed.