Siklònn Dorian ki se yon kategori 5 apènn ateri nan zònn Nòdwès Bahamas

0 367

ABAKO, BAHAMAS__(TRiboLAND) Siklònn Dorian avèk yon masiv deplasman 185 kmh, kategori 5 baleye e ateri sou Elbow Cay nan zile Abako yo nan Oseyan Atlwantik la.

Sant Nasyonal Ouwagan rele siklònn nan kòm youn nan pi gwo mons mòtèl ki gen anba men li vye trik rizyèz, destwiksyon ak gwo van sovaj ak yon mache pwese ki estime 200 kmh.

Dorian ap baleye yon zile nan zonn Nodwes Bahamas

Se pi gwo ouwagan ki bat rekò modènn nan pou zònn Nòdwès Bahamas. Pandan li kontinye ap trese lèl ak yon deplasman torti nan zònn wès ak nòdès Bahamas, zè lapli Dorian gen pou sekwe labil Freepòt ak Naso avèk gwo sakad gason pa kanpe sitou nan zònn Gran Abako.

Leave A Reply