Konpetisyon “Festival Lyrique des Caraibes 2021”: patisipasyon plis pase yon dizèn atis ayisyen

222

03/07/2021

Pòtprens_____(TRiboLAND) Nan yon festival ki genyen pou vize ranfòse abilite ak talan chantè lirik yo nan Karaib la, Union Europèenne nan tèt kole avèk plizyè lòt aktè prive pami yo Fondasyon SINFONIA, minis kilti ayisyen an, Pradel Henriquez konfime enskripsyon ou patisipasyon Ayiti nan gwo Premye Edisyon ‘Opéra”, Festival Lyrique des Caraibes 2021; e swete tout atis ayisyen yo suksè!

Edisyon sa ki te lanse depi 29 janvye dènye anba lobedyans minis Kilti Dominikèn nan, madam Carmen Heredia ak kolaborasyon yon pakèt ministè nan Karaib la, pral konpoze de juri ki pral genyen plizyè ekspè nan domèn lirik e ki pral mete kontwòl pwofesyonèl sou entèpretasyon kandida yo.

Tout kandida dwe soumèt yon video pwofesyonèl sou 3 entèpretasyon nan kategori “Opéra.” Konsa, se sèlman 6 kandida kalifye yo ki pral fòme yon konsè kap fèt 9 me 2021 pwochen.

Comments are closed.