Lapolis nan kapital peyi Dayiti voye al bwà chat, chèf gang #2 Maryani an.

972

12 – 07 – 23
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan kapital peyi Dayiti, ta sanble mobilize epi detèmine pou ede abitan yo k ap viv nan zòn gran sid la rale yon souf anba men gang yo kap koupe wout, mete barikad, pou fòse yo peye gwo magogo.

Nan yon operasyon tranble janm ajan PNH yo mennen nan dènye jou sa yo nan zòn Maryani, yo abouti ak lanmò gwo koure ki pote non Blanco “Krèk Satan” an, kise #2 chèf gang sila jounen jedi 7 desanm 2023 a.

Li enpòtan pou konnen, seri operasyon sa yo ap kontinye mennen nan lide pou debleye wout Nasyonal yo, kont gang sangwen yo k ap taye banda epi takse popilasyon an pasi pala. Bwavo Lapolis!

Comments are closed.