Fuziyàd revòltant kont pèzib sitwayen sou Champs de Mars: bilan 2 mò ak plizye blese

187

03/03/2021

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon gro fuziyàd fèt maten an sou Champs de Mars ki okazyone 2 jèn gason kap viv nan lari a ki pote non “Ti Krèch” ak “Wà,” arive mouri e yon fanm ansent pran yon bàl jodi mèkredi 3 màs 2021 an.

Zak la fèt lòske bandi sangwen sou moto ouvè zàm tou senpleman sou moun ki t’ap pase; yon lòt zàk kriminèl ki revòlte popilasyon an ki te deja sou benzen li sou Champs de Mars ki aprè te fasilite entèvansyon lapolis.

Divès lòt krim ankò anba je yon pouvwa ke anpil moun rete kwè ki konplis e k’ap bwè san pwòp sitwayen li chak munit ki pase.

Comments are closed.