EDH anonse yon operasyon retire kontè “peye apwè’ nan plas mete aparèy “peye davans”

260

03/03/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan yo kominike ke li fè sòti madi 1 màs 2021 an, Direksyon jeneral l’Électricité d’Haïti (EDH), avize piblik la ke pràl lanse yon operasyon retire kontè “peye apwè’ nan plas mete aparèy “peye davans.”

Daprè Michel Présumé ki se Alatèt konpayi sila, eksplike se yon dispozisyon ki gen pou wè avèk strateji pou ranfòse finans EDH ki an mal makak yon fason pou reponn ak bezwen kliyantèl la. konsa, pou Mesye Prézumé, sa pràl dynamize sèvis y’ap delivre yo e li amelyore modalite peyman yo tikal pa tikal.

Konsa, direksyon EDH la konte sou kolaborasyon ou supò tout moun nan resevwa teknisyen konpayi ABD/NURI yo, ki plase pou reyalize operasyon yo lakay chak kliyan yo.

Comments are closed.