Yon ansyen depite nan komin Kafou pèdi lavi li nan mawotyè 75.

865

12 – 25 – 2023

Kafou, Ayiti____(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a kontinye ap vale teren nan plizyè komin nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Elie Blaise, ansyen depite nan komin Kafou pase anba machin ensekirite enfènal la, nan Mawotyè 75 sòti ayè dimanch 24 desanm 2023 a, pou leve maten lendi 25 desanm lan.

Enfòmasyon ki vinn jwenn TRiboLAND ta fè kwè se nèg sangwen ak gwo zam fann fwa ki ta debake manu militari lakay ansyen depite a pou komèt zak kriminèl sila.

Elie Blaise, se yon natif Jakmèl, li te Direktè jeneral Office Assurance des Véhicules Contre Tiers (OAVCT. Nap raple, ak jij Depèè deja pran kontwòl kay ansyen depite a pou konnen, ekzakteman deki mannigans. Yon dosye sal redaksyon nouvèl redaksyon TRiboLAND ap rete tann ak anpil enterè.



Comments are closed.