Yon alèt bonm zatrap anrejistre nan anbasad ayisyen an nan peyi Ajantin

204

02/27/21

Buenos Aires_____(TRiboLAND) Anbasad ayisyen an ki lokalize nan 3200 Aveni Figueroa Alcorta, nan Buenos Aires nan peyi Ajantin, anrejistre yon alèt bonm jedi 25 fevriye 2021 an.

Enfòmasyon yo fè eta de yon enkoni ki te depoze yon valiz nan antre pòt anbasad la e pi al fè wout li, daprè yon sous polisyè ki konfime ke divès otorite ak polis munisipal e federal te mobilize e kouri fè tout moun ki te nan espas diplomatik la evakye.

Konsa, enspektè polis federal yo aprè ekzaminasyon aspè atifisyèl valiz zatrap la, pat estime ke objè ki te nan sak la pat kapab pwovoke eksplozyon. Sepandan, antite espesyalize yo te finalman arive kanmèm neutralize sak zatrap la.

Comments are closed.