Depatman Sid: 1 ajan CIMO mouri e 5 lòt blese nan asidan machinn nan kòtèj Pwezidan Jovenel la

0 562

Apwè ke li te finn patisipe nan enstalasyon yon mikwo rezo elektrik ki konpoze avèk 352 pano solè ak yon sistèm stokaj yon fason pou ranfòse enèji nan Tibiwon, Pwezidan Jovenel Moise te pwan direksyon depatman Grandans peyi.

Konsa, nan wout pou retounen yon backup CIMO ki te nan kòtèj Pwezidan Jovenel an fè aksidan jodi Samdi 21 Desanm 2019 la nan zònn Kominn Tòbèk (depatman Sid) ozanviwon 3:25 pm.

Yon sous polisyè konfime TRiboLAND lanmò san bat yon ajan CIMO ki te soti nan 28 èm pwomosyon enstitisyon polis la ak 5 lòt ajan ki ekstrèmeman blese grav.

Konsa, blese yo te transpòte vit e pwese lopital pou swen ijans nesesè.

Leave A Reply