Diego Armando Maradona: yon gwo mapou nan foutbòl la tonbe

274

11\25\20

Buenos Aires, Ajantin____(TRiboLAND) Mond espòtif la ap kriye sou lanmò ikon mondyàl foutbòl la, ajanten Diego Maradona jodi mèkredi 25 novanm 2020 an, daprè laprès nan peyi Ajantin.

Diego Armando Marado fèt 30 oktòb 1960, nan Lanus, Ajantin. Li arive tonbe anba yon kriz kadyak daprè laprès ki esplike depi kèk semen sante lejann entènasyonal la pat gaya ditou e li tap deteryore san rete. Kondisyon sante a te oblije otorite medikal yo nan Buenos Aires ospitalize e opera ikon foutbòl la pou yon problèm ematom.

Lejann lan ki konnen anpil gro eksplwa nan jwèt mate boul la, te mennen arive fasilite ekip nasyonal ajantin nan devni chanpyon nan lane 1986. Diego, ki gen ti non jwèt li ki se: “El Pibe de Oro,” te egalman entrenè seleksyon ekip nasyonal ajantin nan. Li mouri a 60 tan.

Comments are closed.