Ti gou dlo solidarite pou prizonye yo nan Jakmèl avèk Dieuna Hyppolite

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Dieuna Hyppolite, yon pitit fi Jakmèl ki ap viv nan peyi Etazini, fè yon jès solidarite ki remakab nan kad pote kole ou bay sipò ak lanmou pou prizonye ki loje prizon sivil Jakmèl la, jounen jedi 2 oktòb 2025 lan.
Nan yon elan patriyotik ak kè nan men, Dieuna Joseph afiche yon jès solidarite san parèy lè li te deside fè sant kaseral Jakmèl la, yon don kamyon dlo, ansanm ak yon seri pwodwi alimantè ak atik ijyenik. Sa a se yon egzanp klè sou jan yon moun ka itilize resous pa li pou pote chanjman nan lavi moun ki nan bezwen, espesyalman moun ki nan sitiyasyon difisil nan peyi Dayiti.
Aksyon sa a pa sèlman pote soulajman dirèk nan kondisyon lavi prizonye yo, men li ranfòse valè solidarite, lanmou, ak inite nan sosyete a. Li montre ke, malgre distans jeyografik, moun ka konekte ak kominote yo nan fason ki kapab kreye enpak pozitif. Sa a se yon apèl pou tout moun reflechi sou jan yo kapab kontribye an kad amelyore lavi moun ki nan bezwen, e ki pi enpòtan toujou, pou sonje ke yon ti jès ka fè yon gwo diferans nan lavi yon moun.
Nan yon epòk kote anpil moun ap fè fas ak difikilte, aksyon Dieuna Hyppolite la ap raple nou tout enpòtans jès solidarite, ak volonte pou ede nan fè mond lan yon kote miyò. Se yon egzanp enspirasyonèl pou lòt moun suiv, pou yo tou pote yon ti moso lanmou ak solidarite nan lavi say o ki maronde dèyè bawo.






