Plizyè milye pwotestatè pran lari pou di “non” a diktatè Jovenel Moise

211

02/21/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Tankou sa vini kòm yon abitid, plizyè milye sitwayen ayisyen te desann nan lari nan kapital la, Pòtopwens pou di aba diktatè kidnapè jodi dimanch 21 fevriye 2021 an.

Konsa, jan sa te prevwa divès latriye moun tankou; atis, etidyan, sendika, militan, politisyen, leader relijye pou nou site sa yo sèlman te foule beton an tankou gwoudou gwoudou pou rele chalbarik dèyè pouvwa defakto, diktatè, kidnapè ou kòwonpi Jovenel Moise la ke manda’l fini nan tèm li depi 7 fevriye 2021.

Anpil pawòl piman bouk te lanse kont pouvwa represif PHTK ki deside ekstèmine tout moun anndan peyi a, daprè plizyè pwotestatè. Yo t’ap reklame egalman respè konstitisyon an e reklame san kondisyon depa gouvènman diktatè enkilpe initil la, daprè plisyè atis ki te genyen pami yo Izolan ak chèf relijye ki t’ap depoze pou Jovenel Moise.

Nan entèvansyon li te fè ansanm avèk Pastè Gérald Bataille, Pastè Gérard Forges ki se youn nan chèf defil manifestasyon an, te pwofite envite tout sèktè nan vi nasyonal la pou yo fè yon sèl fwon pou konbat nouvo diktatè a. Li kòmande tout kretyen pwotestan pou kanpe tankou yon santinèl pou demokrasi a nan peyi Dayiti ki menase.

Yon lòt bò Pastè Gerald Bataille pat kache santiman li, lòske li te pwofite denonse pouvwa represif Jovenel la kòm yon bagay despotik ki pa ezite vyole dwa moun ak konstitisyon peyi a. Li depeche tout ayisyen vinn bay mouvman pwotestan yo jarèt, patikilyèman nan gwo mobilizasyon 4/4 dimanch 28 fevriye k’ap vini la.

Antouka, pèp souvren fè tande vwa yo yon lòt fwa ankò nan kapital la; anpil kout zam reyèl te ouvwi sou popilasyon an; gaz lakrimojèn ak represyon ki se inik mak fabwik fòs polis la pat arive mete dlo nan diven pwotestatè yo ki te sanble detèmine pou pa pran nan presyon yon PNH bosal ki te nan tire bal reyèl, lanse gaz ak wòch ansanm ak pwotestatè yo.

Ki donk, polisye represif yo ta sanble ke yo genyen ti memwa sou sa ki te pase 7 fevriye 1986, pat sispan maltrete manifestan yo, vyole dwa yo kòm moun e menm tire sou yo pou yon rejim diktatè ki pa sispann kidnape yo ak inifòm lapolis la, daprè yon militant “Esklav Revolte” ki t’ap depoze bay laprès.

Nap raple, yon etranje blan meriken te aktivman patisipe nan yon parèy koudjay an siy solidarite ak pèp ayisyen an, kote ke li t’ap denonse kominote entènasyonal la ki pa soti pou bay Ayiti yon break ou pran an konsiderasyon mizè ak tray yon parèy popilasyon ki pi pòv nan monn lan. Li raple tou, Etazini anvayi peyi Dayiti plizyè fwa nan istwa li jis pou kontinye plonje Ayiti pou pwòp enterè yo.

Comments are closed.