Mòl Sen Nikola: yon trezò paradisyàk ki pa eksplwate

255

02/21/21

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Se te nan lane 1492, espanyòl yo kite genyen nan tèt yo, navigatè Kristòf Kolon, yon piyajè, eksplwatè ki t ap chèche lò ak epis te vin ateri sou zile Ispanyola, Ayiti.

Yon aterisaj kite pwofitab pou yo, ta pral trennen dèyè yo, divès lòt nasyon tankou: pòtigè yo, anglè yo fransè yo elatriye. Te vin genyen yon gwo lit sou zile sila. Konplèks la te difisil anpil, sa ki ta lakòz tout nasyon yo te vire do yo, te vin genyen sèlman fransè yo kite rete.

Fò Lapoudriyè, anndan

Konsa, aprè 7 lane lagè, fransè yo te deside fòtifye zile Ispanyola a ki nan lide yo, yon sit estratejik, touristik, yon lye de refij kote tout pèp sou latè kapab repoze alèz, e ki konstitye yon veritab milye paradizyak.

Nan lane 1764, yon ti vil ki gen plan kare ta pral kreye, yo ta pral rele li, Vil Mòl Sen Nikola. Konsa,nan dat kite 31 dawou 1798 la, yon jeneral nan lame anglèz la, ki te pote non, Thomas Maitland, remèt kle vil la bay yon jeneral nwa ki pote non Toussaint Louverture.

Pandan peryòd gè fòtifikasyon an, anpil latriye fò te konstwi sou zile Ispanyola a, ke nou tout konnen jodia sou non Ayiti. Pou te kabap konsolide rejyon yo, men tou, pou goumen kont tout lòt fòs kap soti nan peyi letranje, kolon yo te oblije antre nan lojik konstwi divès fò.

Nan Bè Mòl Sen Nikola nan epòk sa a, te genyen anpil fò kite konstwi, pami yo: la Poudriyè, Batri Valyè, Ispanyola, poun site sa yo sèlman.

Mòl Sen Nikola, dote de yon riches bote natirèl, bèl plaj boure sab fen koulè blan, yon vil ki pwoteje kont van ak siklòn, bèl lamè ble digo, aktivite pechè ki se yon gwo asèt ekonomik ou pwason tout koulè mete sou yon panorama ekzotik, san konte gwòt tout kalite ki temwanye yon pase kolonyàl ki pa manke atire touris.

Fò Ispanyola

Li enpòtan pou konnen, fòtifikasyon vil Mòl Sen Nikola a, kòm yon mèvèy istorik malerezman pa eksplwate. Sa vle di, yo pa sèvi ak yo pou pote yon tchotcho anplis nan asyèt fiskal minusipalite komin sila kap dodo meya nan Nòdwès peyi a!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.