Nan Jeremi pwofesè lekol piblik yo leve kanpe e okipe beton an pasifikman

01- 15 – 2025
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Kòm anonse maten mèkredi 15 janvye 2025 lan, pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi okipe beton an defason pasifik; pankat te nan men yo, asyèt, kiyè tap klewonnen ansiyn pwotestasyon. Konsa, yo egzije ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl pou respekte revandikasyon yo.
Sou tout pakou yo, pwofesè revandikatè ou manifestan yo tap chante bay Leta ayisyen ke lè yo grangou, yo pa jwe. Yo te pwan direksyon plizyè etablisman lekòl prive, pou mande yo voye elèv ak pwofesè nan prive yo lakay yo, an siyn solidarite ak pwofesè lekòl piblik yo. Se konsa, anpil nan kolèj yo te relache elèv ak pwofesè yo, san rezistans.
Pami revandikasyon pwofesè yo, ou jwenn : ogmantasyon salè, kat debi, asirans, nominasyon tout lòt pèsonel kad teknik yo, ak satisfaksyon anseyan ki nan systèm lan kòm kontraktyèl. Si tout fwa revandikasyon sila yo ta bwè lwil, protestatè yo konfime ke etablisman eskolè piblik yo nan Grandans pap janm ouvè.






