Patrick Numa: yon manm KEP Jovenel Moise la mouri

226

02/22/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon pwòch konseye elektoral Patrick Numa  konfime desè manm KEP nan yon media nan kapital la. Daprè enfo yo, Numa ki te fwape de yon AVC depi desanm 2020, te oblije ale pran swen nan peyi Kiba e retounen 17 fevriye 2021 dènye.

Konseye electoral la aprè retou li nan peyi a, te kontinye kèlke jou aprè pran wout lopital kote ke sante li te deteryore nan swen entansif. Nan kèk jou aprè, Mesye Numa te retounen lakay li e se la konplikasyon sante manm KEP la kaba e li ran dènye souf li.

Patrick Numa mouri lakay li, dimanch 21 fevriye 2021.

Comments are closed.