Yon group moun pa vle “Mòl tounen mòmòl nan figi yo

269

12\10\20

Mòl Sen Nikola____(TRiboLAND) Depi anviwon 5 mwa, yon estrikti òganizasyonèl ki pote non,”Mòl Avan Tou” deside pote boure nan domèn devlopman, kote divès sitwayen mòl ap kolekte, kontribye kòb yo chak mwa, yon mannyè pou pote repons ak pwoblèm, enfwastrikti woutyè, sanitè e latriye

Konsa, ansyen kandida pou pòs senatè nan dènye eleksyon yo, Msye Belle Fleur Jean Fritzner, kise yon manm estrikti sa a, deklare yo deja kòmanse yon latriye travay sitou nan domèn enfrastrikti woutyè.

This image has an empty alt attribute; its file name is image-114.png



Pou ansyen kandida a, nan yon peyi kote leta a paka asime responsabilite’l, se nòmal pou sitwayen yo reponn ak egzijans sitwayèn nan milye a.

Divès twonson wout deja konstwi, pami yo ou genyen twonson wout kolonyal, ki relye sant vil Mòl, pase Bonbadopolis pou rive nan chèf lye depatman latibonit “Gonayiv “.

Antouka, yon inisyativ dapwè senatè a,ki vize kolaborasyon la Mèri ak sitwayen yo, e konseye chak grenn ayisyen mete men nan pat la ak tèt ansanm pou fè peyi a bèl, paske Ayiti se pou nou tout ayisyen, se nou ki pou fèl bèl.

Gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.