Plizyè avoka voye yon sitasyon konparisyon bay Jovenel Moise pou isupasyon tit

240

02/19/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Yon batri avoka entante yon aksyon legal kont ansyen prezidan Jovenel Moise ke manda li pran fen depi dimanch dènye 7 fevriye 2021, selon atik134-2 nan Manman Lwa amande 1987 peyi a.

Nèg lalwa sa yo ki se Mèt Reynold Georges, Jean Renel Senatus, Caleb Jean Baptiste, Franck Lauture ak Jean Danton Leger ki detèmine pou pouswiv Jovenel Moise pou itilizasyon fo tit jan sa mande nan kod penal ayisyen an.

Objektif yon parèy rapouswiv legal, chita sou sa ki gen pou wè avèk dap piyanp Jovenel sou pouvwa a ki pa danse kole ak Manman Lwa peyi a. Selon avoka yo, demach sa yo antre nan kàd vyolasyon konstitisyon an alòske manda Jovenel fini 7 fevriye 2021 an.

Selon avoka yo, Jovenel Moise pwatikman pa genyen kalite pou aji nan non Leta ayisyen ankò. Yon parèy sitasyon jwen andosman Marie Raynalde Lambert André. Konsa, Tribinal pwemye enstans Pòtoprens genyen yon delè 3 jou pou li pwononse’l sou yon parèy dosye.

Comments are closed.