Opozisyon an nan Nòdwès mande pou pèp la leve kanpe kont diktatè Jovenel Moise

214
Paul Elie Faustin

02/19/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen Jedi 18 fevriye 2021 an , branch opozisyon an nan Nòdwès mande pou pèp ayisyen an leve kanpe pou fè echèk ak plan diktati Jovenel Moïse gen nan tèt pou enplante sou tè Papa Nasyon an; akote sa, ansyen prezidan an dwe mete’l aladispozyon la Jistis pou tout zak malonnèt li komèt anndan sosyete ayisyèn nan, daprè Paul Elie Faustin ki t’ap depose kont gouvènman defakto a.


Selon militan politik la, li mande anpil bwàs pou nrive chavire tokay diktati Papa Dok la ki enstore atravè peyi a. Tout sa mande yon veritabe batay san pran souf. Se evidan, anpil moun pran bastonad, anpil moun mouri, anpil moun kidnape, anpil vyole, e anpil lòt pran chemen egzil. Konsa, jounen jodi a, se tout moun alawonnbadè ki dwe leve pou konbat Jovenel Moïse ki pa pè, devan grenn je tout moun vle retounen ak ansyen pratik François Duvalier a nan figi lemon. .

Opozisyon an nan Nòdwès di li apiye tout fòm mobilizasyon ou demach k ap fèt atravè peyi Dayiti ak lòt bò dlo pou fè echèk ak lwa diktati a k ap danse nan tèt msye Jovenel Moïse; konsa, nap fini pa chanbade rejim represif, kòriptè, kidnapè e repinyans PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) a nan figi moun.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.