PM Ariel Henry ap rete apwè 7 fevriye, dapwè Ti miyèt Sena a

2,225

02/05/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Pandan ke fen dàt manda konstitisyonèl Jovenel Moise la ap kreye sispin nan milye politik la nan peyi Dayiti, Ti miyèt Sena repiblik la bay pozisyon li nan yon parèy konjonkti ki trè konplèks.

Nan yon nòt ki sòti deyò e ki pote paraf manm yo vandredi 4 fevriye 2022 an, Ti miyèt Sena a apiye pou PM Ariel Henry rete sou pouvwa apwè 7 fevriye 2022 nan objektif pou konble vid egzekitif la ak pou kontinye jere biznis leta a jiskaske genyen yon konsansis lajman laj ki degaje pou demare ak pwosesif tranzisyonèl peyi a.

Nan sans sa, enstitisyon Sena ki genyen nan tèt li senatè Joseph Lambert, egzije pou sekretè jeneral Palè Nasyonal la remèt MUPANAH echap pwezidansyèl la.

Comments are closed.