Ajan Egzekitif Enterimè a, Anthony Manigat plede anfavè yon ogmantasyon polisye nan zòn estratejik yo nan Basen Ble

571

04 /28/ 2021

Basenble ___( TRiboLAND) Fenomèn enskirite a lage gwo enkyetid nan mitan popilasyon ayisyèn nan, patikilyèman nan komin Basen Ble, depatman Nòdwès. Majorite peyizan nan seksyon kominal yo, pou yo pa viktim anba men bandi sangwen yo. Konsa, yo oblije abandone seksyon yo pou yo ka vin pran refij yo nan vil la. Sitiyasyon tèrib saa prewokipe anpil prezidan Ajan Egzekitif Enterimè komin Basen Ble a, Msye Anthony Manigat.

Atravè yon entèvyou Manigat akòde TRiboLAND, li adrese l dirèkteman ak wo kòmandman PNH la pou ogmante prezans polisye prese prese anndan komisarya yo atravè depatman Nòdwès, patikilyèman, komisarya Basen Ble ki se pòt antre depatman Nòdwès la. Li plede egalman pou bay fòs lòt yo bonjan materyèl pou yo ka fè faskare ak bandi sangwen san fwa ni lwa sa yo.

Selon ansyen majistra komin nan, li pa posib pou komin Basen Ble ki gen ladan l plis pase 75 mil kretyen vivan pou 3 ak 4 grenn polisye sèlman. Majistra Anthony Manigat rabat pou plede anfavè yon nouvo komisarya nan komin Basen Ble ki dwe plase nan zòn estratejik yo yon fason pou rive gen kontwòl tout bandi sangwen k ap mache simen la twoublay nan mitan popilasyon an.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.