Nòdwès-Politik: platfòm Pitit Desalin fikse pozisyon l sou sitiyasyon peyi Dayiti

572

10\18\20

Pòdpè___(TRiboLAND) Pandan komemorasyon 214e anivèsè asasinay Papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, samedi 17 oktòb 2020 an, platfòm Pitit Desalin, fikse pozisyon l sou pwoblèm peyi saa ap fè fas jounen jodi a.

Nan entèvansyon l, pòtpawól PPD a pou rejyon nodwès la, Pierre Reginald deklare atak ak menas lidè nasyonal platfòm pitit Dessalines nan, ansyen senatè Moïse Jean Charles, ap resevwa jounen jodi, pa depaman ak sa Fondatè nasyon an te konn resevwa anba men sektè antichanjman yo. Tout bagay sa yo, selon Pierre Réginald, ranfòse detèminasyon PPD nan batay pou dote peyi a yon endepandans ekonimik.

 Pou moun ki kwè PPD mare sosis li avèk Pouvwa PHTK a, Réginald Pierre fè konnen Pa gen bagay konsa! Pou Réginald, pouvwa PHTK a, se yon pouvwa kriminèl k ap mache masakre pèp ayisyen an lajounen tankou lannuit, ansuit gaspiye lajan pèp la. Pòtpawól la rabat pou di, PPD pa pral nan eleksyon ak Konsèy Elektoral Pwovizwa PHTK a. Platfòrm Pitit Dessalines vle yon tranzisyon. Se pa tranzisyon Prezidan Jocelerme Privert a; men yon tranzisyon ki pou koupe fache ak sistèm peze souse a paske, selon Réginald Pierre, fòk tout moun ki gagote richès peyi a (Fonds PetroCaribe) vin bay popilasyon ayisyèn nan eksplikasyon.

Réginald Pierre kontinye pou atire atansyon kominote nasyonal ak entènasyonal sou dosye Sen Lwi Dinò a, kote bandi ak zàm achte komin saa lajan kontan. Pòtpawòl PPD a bay ajan egzekitif enterimè komin Sen Lwi Dinò a, msye Gaston Estima ansanm ak visdelege awondisman komin sa a, msye Yvener Orelhomme, responsab krim bandi yo ap komèt sou popilasyon an. Se de (2) otorite sa yo: Gaston Estima, Yvener Orelhomme, ki lage zàm nan men yon gwoup jenn gason pou yo mache masakre abitan nan seksyon kominal yo.

PòtPawòl Platfòm Pitit Dessalines lan di l toujou gen konfyans nan jistis peyi l, mande Lajistis tande 2 otorite nou site la yo sou dosye Sen Lwi Dinò a paske sa k ap pase nan Sen Lwi Dinò, manman pitit mare senti w!

SAINT Jean Wiskis

Comments are closed.