Ajan polisye nan Sen Lwi Dinò vide atè 2 bandi ame ki te tante retounen nan vil la

236

02/07/2021

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ame ki te nan kanpe lwen pa pwoche fè tantatif pou retounen nan vil Sen Lwi Dinò, patikilyèman nan zòn “Sou Fò” nan samdi 6 fevriye 2021 an.

Popilasyon an pat pran tan pou alète lapolis ki, nan lanwit samdi 6 pou rive maten dimanch 7 fevriye 2021, yo troke kout zàm ak bandi yo ki arive tonbe. Fòs polis yo pwosede ak arestasyon plizyè lòt sangwen e sezi yon fuzi.

Mesye sa yo ki ta sanble t’ap opera nan mitan gwoup gang Tiràch la, ki nan yon premye tan yo te rele chalbarik dèyè yo sou zòn “Sou Fò,” yon katye rezidansyèl nan Sen Lwi Dinò.

Comments are closed.