Bilyonè Jeffrey Epstein jwenn arestasyon li sou akizasyon trafik seksyèl minè

0 322

FLORID__(TRiboLAND) Bilyonè Jeffrey Epstein ki ap viv nan Florid jwenn arestasyon e akize sou gwo chaj ki gen pou wè ak krim seksyèl sou ti inosan anba zaj, dapwè yon sous otoritè.

Epstein te jwenn arestasyon li jodi Samdi-a e li gen pou-l parèt devan yon jij federal Lindi nan Nouyòk.  Li pwal fè fas ak yon seri de chaj ke yon pwosekitè Gouvènman Etazini ki nan Manhattan pote kont li.

Ki donk, se pwèske menm jan ak yon seri chaj kit e pandye deja sou tèt Epstein lè li te fè yon deal avan avèk yon pwosekitè federal pou yo pat pwosekite-l nan Miami.

Akizasyon say o ki chita sou krim trafik seksyèl ke Epstein ta komèt ant lane 2002 e 2005 ki te fèt nan Nouyòk e Pam Bich, Floride, selon sous otorite polisyè yo.

Leave A Reply