Hamas lanse yon gwo atak manman penba fawouch kont Izraèl

1,139

10-07-2023

Jerizalèm, Izraèl_______(TRiboLAND) Yon branch ame Hamas lanse yon gwo atak manman penba kont Izraèl jodi samdi maten 7 oktòb 2023 a. Operasyon sila ki pa manje anyen ki fwèt te manifeste avèk plis pase yon dizèn rokèt ki tap sòti depi bann Gaza pou rive Izraèl.

Se yon gwo operasyon ki mete fen ak yon aktivite trèv global ki pa arive respekte depi dènye batay ki te dire 5 jou nan mwa me pase. Konbatan palestinyen yo te enfiltre nan diferan pwen ak menm parachit anndan peyi ebwe a. Se yon veritab “kou san zatann”!

Hamas deklare atak kou san zatann ke li fè sou Izraèl la, pote non “Operasyon deluj Al-Aqsa”. Konsa, Lame izrayelyèn kòmanse ap mennen yon seri gwo fwap ayeryèn sou bann Gaza. “Hamas komèt yon gwo erè grav, lè li deside deklentche yon gè kont Leta Izraèl”, dapwè sa minis Pare Kou izraelyen an, Yoav Gallant fè sòti nan yon kominike.

Atak Hamas la, se yon atak kou sezi, ki arive pèpetre anndan Izraèl sou plizyè fwon diferan, patikilyèman nan zòn Sderot. Plis pase 22 sivil izraelyen ta mouri, san konte plizyè douzèn blese ki mete lopital Gaza tèt anba.

Yon sous konfime TRiboLAND, ke Hamas arive kaptire plis pase yon trantèn prizonye izraelyen. Pou kèk ekspè, se yon atak ki ta sanble pran anpil tan pou prepare. Yo lanse 5,000 rokèt nan yon espas 20 minut.

“Nou nan lagè”, dapwè Pwemye minis izraelyen an, Benjamin Netanyahu. Alòske, Hamas jistifye yon parèy atak, sou baz pwofanasyon Moske Al-Aqsa a ak lòt krim ki genyen pou wè ak okipasyon Izraèl sou tèritwa palestinyen an.

Peyi tankou Lafwans, Almayn, Angletè ak Itali pat pran tan pou kondane atak la e voye mesaj solidarite bay peyi Izraèl ki leve maten an anba gwo sezisman tèt vire. Sepandan, peyi Iran felisite atak palestinyen sou Izraèl, yon kout dan ke yo estime ki byen reyisi. Yo ale pi lwen pou deklare ke yo ap kontinye kanpe bò kote palestinyen yo.

Comments are closed.