Papout Carmelo: gwo pwezime chèf gang pran minòt maten an nan Gresye

369

Gresye___(TRiboLAND) Yon pwezime chèf gang ke yo tap chèche tankou chyen fou nan depatman Sid la, jwenn arestasyon li jodi lendi 15 jwen 2020 an dapwè komisè gouvènman juridiksyon Okay la, Ronald Richmond.

Nan tèt kole avèk komisè gouvènman Pòtopwens lan, Jacques Lafontant, e gras ak konplisite ajan Inite Depatmantal Mentni Lòd yo ki nan Leyogann (UDMO), Judenor Saint-Cyr alyas “Papout Carmelo” pat gen chans pou fè kameleyon lè yo resi mete men sou li byen bonè maten an nan Gresye a kèlke kilomèt kapital la.

Carmelo ki deja genyen plizyè akolit li ki te deja anba kòd, genyen gwo akizasyon tankou bwakaj, asasina, vòl ak vyòl plane sou tèt li.

Otorite sivil yo ansanm ak diferan lòt antite ki te pote ranfò nan operasyon sa, felisite tèt yo e bat bwavo ak kontantman pou fason yo detèmine nan lage koukouwouj dèyè bandi yo. Konsa, Carmelo rekondwì nan juridiksyon Okay la pou swit legal yo.

Comments are closed.