Ekip TRiboLAND An Aksyon an rapouswiv ak dezyèm jounen seminè fòmasyon gratwit sou pwodwi chimik yo nan komin Senlwidinò.

681

  12-04-2022

 Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Dezyèm jounen seminè fòmasyon gratwit sou pwodwi chimik TRiboLAND ap òganize nan komin Senlwidinò ap kontinye vale teren jounen dimanch 4 desanm 2022 a.

Nap raple, yè jounen samdi 3 desanm lan, patisipan yo te benefisye teori, entrodiksyon prodwi konsène y oak fabrikasyon yon seri prodwi tankou: likid, mistolin, pafen elatriye. Jounen jodi a, yo antyre nan yon dinamik fè: pomad, vazlin, pwomad doulè, krèm eklèsisant, diven e latriye.

Pou patisipan yo, se yon bagay yo tap chèche anlè, yo jwen li atè. Yo eksprime kontantman pou ekip TRiboLAND lan ak tout PDG Papa Loulou pou fason yo patisipe non sèlman nan devlopman ekonomik komin nan, men tou nan mete zouti nan men jèn yo pou yo fè lajan.

Konsa, se te reyèlman etonnan pou mount e kapab konstate angouman ak anbisyon pou aprann lakay jèn nan komin Senlwidinò. Chak jou efektif patisipan yo tap ogmante tèlman popilisyon an te apresye yon parèy fòmasyon; yè samdi a te genyen apeprè 78 prezan, alòske jodi dimanch lan, ekip fòmatè a anrejistre 84 patisipan. Remiz ou seremoni sètifika patisipasyon an ap fèt mekredi prochen ki 7 desanm 2022.

Jèn yo pwofite okazyon an pou yo voye yon boukè remèsiman pou ekip TRiboLAND An Aksyon an, patikilyèman Papa Loulou pou supò yo anvè jèn peyi Dayiti, espesyàlman jèn nan komin Senlwidinò. 

Pierrilien Nicol Colly 

Comments are closed.