Sitiyasyon ensekirite a dejenere avèk Léon Charles ki pa sispan fè echèk ak yon “plan pouse do” bandi sèlman

200

01/31/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Gwo Alatèt enstitisyon PNH la prèske pa konnen nan ki fason ke li kapab rasure pouvwa Jovenel Moise la ke yon lòt fwa ankò li se zèl kàt kle ki kapab arive flite bandi sangwen yo.

Pawòl yo pwèske pa genyen nannan ankò; sitou chak entèvansyon ajan PNH yo fè, se nad marinad; yo toujou soti bredouy. Pi gwo pèt ke PNH pa janm konnen se ensendi garaj enstitisyon an ki mete PNH ankò yon lòt fwa apye akoz yon bon valè machin ke alye pouvwa PHTK a bwile. Ti moun ki kapab travèse lari wè ke evenman yo depase yon Léon Charles ki senpleman ap mete fòs polis la nan yon pwovokasyon ak pèp souvren chak fwa genyen manifestasyon; alòske fòs lòd yo pa genyen ase kouraj pou bay group gang G9 ak PHTK gaz lakrimojèn.

Avèk Léon Charles, sitiyasyon yo vin pi agrave! Jiska prezan, se yon bilan mafwozo! Ta sanble pa genyen lòt altènativ ankò sinon ke tire sou moun kap manifeste kont pouvwa Jovenel Moise la oubyen senpleman pouse do bandi yo yon fason pou yo deplase ale nan yon lòt zònn.

Yon seri rezilta “po pistach” ak “operasyon buzz” ki senpleman ranfòse detèminasyon bandi ki danse kole avèk pouvwa. Yon bagay ke Léon Charles bliye, genyen minis, depite, senatè larepiblik la ki fè pati mouvman gang lan tou! Li ta pi saj pou bay kò gang lan kontwòle nan pi wo nivo nan gouvènman PHTK a, yon bagay ki kapab riske djòb direktè lapolis la.

Li difisil pou yon moun konprann plan stratejik Dirète Jeneral PNH la, lè l’ap mande kolaborasyon popilasyon an pou konbat bandi yo, alòske se menm popilasyon sa ke ajan PNH yo ap krible anba bàl chak fwa genyen manifestasyon pèsib pou reklame dwà yo kòm moun. Moun ki kapab travèse lari pou kont yo ap definitivman reyalize se yon ekwasyon ki pap kapab balanse! Léon Charles apènn kòmanse fè echèk devan ti bandi sangwen ak bandi roz kòl nan kou!

Comments are closed.